Aller au contenu

Krisyanis

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Kwa a se senbòl prensipal la nan lafwa kretyen an.
Kwa a se senbòl prensipal la nan lafwa kretyen an.

Krisyanis se yon relijyon monoteyis, santre sou lavi Jezikris, Mesi-a, avèk aktivite premye disip yo (ozanviwon premye syèk epòk n ap viv la a), rakonte nan Nouvo Testaman-an.

Krisyanism konsidere yon relijyon abraramik, kòm jidayis ak islamis. Chouk yo se jidayism, ki repati anpil tèks sakre epi listwa fòmatif ; espesifikman, li repati Ansyen Testaman an.

Ak kèk 2.100.000.000 (2.1 bilyon) kwayan, ke yo rele kretyen, krisyanis se pi gran relijyon nan lemonn.

Orijin mo

[modifye | modifye kòd]

Mo "krisyanis" la soti nan epitèt Jezi. Se mo grèk Χριστός [kristòs], ki vle di kris la. Yo atribye l bay Jezikris sou baz lanmò ak rezirèksyon li kòm senbòl Mesi-a, kidonk, sovè limanite sou ki filozòf grèk yo te konn ap pale a.

Kwayans de baz

[modifye | modifye kòd]

Krisyanis la sèvi ak eleman fondamantal relijyon jidayik la ki chita sou revelasyon biblik yo pou fè chemen li. Eleman fondamantal sa yo se :

  1. Kwayans nan yon sèl bondye. Se sa ki fè yo karakterize relijyon sa a kòm yon relijyon monoteyis (apati prefiks grèk μονός [monos], ki vle di yon sèl, ak mo grèk θεός [teyos], dye)
  2. Kwayans nan yon Mesi (apati mo ebre "moshiah" (pwon. mochiya) ki vle di chwazi pou Mesi a, pou sovè a)
  3. kwayans nan rezirèksyon lèmò
  4. kwayans nan yon dènye jijman jeneral k ap genyen pou tout moun apre lafen dimond

Ekriti sent yo

[modifye | modifye kòd]

Adisione sou ekriti sent yo trouve nan relijyon jidayik la (i.e. Ansyen Testaman), kretyen yo ajoute yon Nouvo Testaman sou ekriti sa yo ki rakonte tradisyon premye moman relijyon krisyanis la t ap fòme. Nouvo Testaman sa a gen ladan li kat liv yo rele Levanjil ki ekri daprè Matye, Mak, Lik ak Jan, anplis Akdèzapot (oswa Travay), kèk lòt lèt yo bay non epit ak liv Apokalips la. Yo konsidere liv sa yo te ekri ozanviwon dezyèm mwatye premye syèk avan epòk n ap viv la.

Epit yo di Pòl te ekri yo sanble yo pi ansyen pase lòt yo. Yo detèmine gen youn nan epit oswa lèt Tesalonikyen yo kòm youn nan lèt ki te ekri ozanviwon ane 50 yo konsa. Apre sa, se Levanjil yo. Liv Apokalips sanble se li ki te ekri andènye. Kidonk, sanble premye jenerasyon kretyen ki te egziste yo te plis viv nan yon kilti ki gen plis tradisyon oral paske tèks Nouvo Testaman sa yo potko te ekri nan epòk apòt yo t ap viv la.

Gwoup kretyen yo

[modifye | modifye kòd]

Mouvman krisyanis gen anpil faksyon ki fe diferans nan pwen doktrin pa yo epi nan tradisyon yo. Dabitid, krisyanis divize nan kat branch diferan :

  1. Kominyon katolik (branch sa gen gwoup pi gran, Legliz Katolik woman, avek Katolik lès, gen anviwòn youn millye manm batize)
  2. Krisyanis lès (branch sa gen dezyèm pi gran gwoup, Legliz òtodoks lès, epi ansyen Legliz de loriyan),
  3. Pwotestantis (anpil denominasyon, gwoup sa enkli Anglikanis, Refòme, Literien, Metodist, batis, epi Pantekostis.
  4. Anabaptis yo

Osi, gen lòt gwoup konsidere kòm kretyen, ki dabitid pa fe pàti nan lis sa. Legliz sa yo kwè nan kèk nan tradisyon kretyen yo, men yo gen tèlman gran varyasyon nan doktrin yo ke yo pa ka kategorize si fasilman kòm lòt legliz kretyen yo. Legliz sa yo se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (Mòmon), Advantis Setyèm Jou yo, epi Temwen Jewova yo.

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]